Category Archives: Vèzyon Kreyòl

Fidelène Darilien — Apre Gradyasyon

Fidelène Darilien te gradye nan yon pwogram Fonkoze ki rele “Chemen Lavi Miyò” (CLM) nan mwa janviye. Lè l te antre nan pwogram, Fidelène pat gen anyen, men pandan 18 mwa li te monte yon ti komès pwodui alimantè k ap mache byen.  

Kounye a, se yon moun k ap bay nan fanmi li. Li viv ansanm ak manman l ak de (2) frè, men se plis li menm ak manman l ki gen yon antre ki stab. Youn nan frè yo konn fè taksi moto, men akòz moto a pa pou li, se pa toutan li ka travay. Manman l gen yon ti komès, men li pi piti pase sa k nan men Fidelène. Se machann pistach griye li ye. 

Avan Fidelène te antre nan pwogram nan, bagay yo pat fasil. Moun yo t ap viv nan yo kay ki pat ka pwoteje yo. Li te monte epi kouvri ak kèk fèy tòl, men se ak fèy kokoye li te bare. Epi, fanmi a te gen pwoblèm manje. Se plis ak pistacho griye yo t ap degaj yo.

Fidelène te seye mete yon biznis sou pye yon fwa deja ak yon ti kòb li te prete. Men gen moun ki t ap achte kredi nan men l, epi se pa toujou li te ka touche. Lè premye manman lajan sa a te pase, li te eseye kontinye kenbe biznis. Li te jwenn kèk gwo machann te te vann ni kredi tou. Men touche te toujou yon pwoblèm epi konsa tou li te mal pou peye. Nan moman li te antre nan pwogram CLM nan, biznis la pat la ankò.

Fidelène te chwazi kabrit ak ti komès kòm de (2) aktif pou pwogram nan ta ba li. Manman l ak frè yo ede l asire bon swen pou kabrit yo, epi bèt yon peple. Twa (3) kabrit pwogram nan te ba li monte a senk (5) epi gen youn ki gwo plenn. Anplis de sa, li konn pran nan kòb benefis biznis li pou l achte poul. Li deja gen 17.

Men se sou komès li plis depann. Lè l te relanse l ak sipò CLM te ba li, li te pran yon gwo desizyon. “Nan fòmasyon yo te di m pa vann kredi, epi se sa m deside fè.”

Men desizyon sa p ap fasil. Se lakay li Fidelène vann. Konsa, kliyan li se plis vwazen, zanmi ak fanmi li. Gendelè, moun yo bezwen pwodui alimantè li vann yo toutbon. Gendejou, se diri yo jwenn nan men l k ap ede yo bay manje nan kay pa yo. Si li refize vann kredi toutan, ka gen moun nan zòn ki vin rayi l.

Men Fidelène gen yon estrateji pou ka sa yo. “Si yo mande m pou 100 goud, epi yo nan bezwen, m ap eseye ba yo pou 25 goud pito. M ap eseye vann sèlman pou yon kòb m ka pèdi.”

En fèt, Fidelène se yon moun ki oblije itilize plizye estateji spesyal poutèt li te fèt avèg. Nòmalman, li pa t ap kalifye pou pwogram CLM nan paske li pa gen timoun sou kont li. Pwogram CLM te fèt pou fanm k ap jere timoun. Men apre yon kolaborasyon ant BSEIPH ak Fonkoze, CLM te komanse pran moun ki andikape tou.

Fidelène mal pou antre Gwomòn pou achte machandiz li. Konsa, li bay manman l fè sa pou li. Li te ka mal pou gen bon kontwòl tout machandiz li, men lè l te ranje kay li li mete yon ti depo piti kòm yon chasm apa. Li gen yon self ti pòt cèlman e chanm nan preske menm lajè ak pòt antre a. Se devan l li konn chita. Konsa, yon moun ki ta vle montre sou komès la ta oblije pase sou li. E malgrè li pa ka wè kòb yo, li konn tout biye yo byen. Depi li manyen yon biye, li deja konnen sa l ye.

Depi avan gradyasyon an, li te komanse kreye yon plan pou lavni a. Li konnen si l byen pran swen kabrit ak poul yo, yo ka peple. Li ta renmen pou l gen kantite pou l ka vann kèk epi achte yon bèf. “M ap ka avanse pi byen si m toujou sere, tou.”Epi apre bèf la, l ap gade pi lwen. L ap komnse si gen tè nan zòn l ap kapab achte.

Fidelène ak maman l.